top of page

Womantik

  • Photo du rédacteur: NH
    NH
  • 10 juil. 2020
  • 2 min de lecture

Teks la pou mwen l pa womantik men l santimantal.

Li vreman dou an menm tanl fatal.

Lew fin lil lap retire tout sa andanm kite sal.

M santim prisonye nn yn long lakou ki pa pi gwo ke yn bokal.

Sanm pa knn pye goch Mwen m pa knn pye dwat avew m vle danse nan tout bal.

Baby se vre m nwa men chak le presans ou eklerem m vin m tou Pal.

Chak lem panse avew m toujou we se pi bel konpa kap jwe, wa din te nan on festival.

Kitem mennenw, kitem pran menw pou mennenw nan kem kote dlo a koule pi fre .

Kitem benyen AK lanmou pou ti visaj inosanw ka touje rete pi fre.

Kitem fe fenw pouw pa janm soufri anko pou tout anviw ka pase.

M pa gen pwofesyon ekzat m pre pou pedi tout tan m nan ou tankou on pwofesyonel.

M pa gen sansasyon men chak lem bo kotew m vin vreman sansasyonel.

M se yon bos chapantye svp andanw kitem chapante.

M se yon bos soudi andanw kitem soude.

M se yon bos tayè kitem travay ou AK dousè svp kitem taye.

M te fe 9 mwa medsin m we kew blese kitem swanyel.

M se yon achitek nan ou vle mete yn plan kitem trasel.

M se Yon enjenyè m gen Yon gwo bwa nan ou m vle plantel.

sim tap fe on kidnapping on jou li pa tap lot ke w.

Ekizem deske fe on zak malonet paske m brake on bank m volè pyè ki pi presye a ki se kew.

Tankou la manjay kitem gagotew.

Tankou babekyou kitem boukannenw.

Tankou po mayi kitem flanmbew.

Tankou krem mayi kitem niche w.

Kitem moutrew nan on lot mond tankou se be nan soley ki ap fonn

Nathan l'écrivain

 
 
 

Comments


Rejoindre mes abonnés

Merci pour votre envoi !

© 2023 par l'Amour du livre. Créé avec Wix.com

bottom of page