Mwen vle di'w kijan ou viré lòlòj mwen.
- NH
- 20 août 2021
- 2 min de lecture
On lanmou ki pap janm fini, yon avni ensèten, mwen pap janm sispann diw kijan mwen anviw e renmenw plis chak jou, tout mounn ap panse ke se maji ke'w fè pou mwen, m'en pou mwen sa pi fò ke yon kout poud, nivo lanmou mwen gen pou ou pap janm ka monté sou yon balans, paske mwen pa janm pa anviw, mwen pa janm pa vlew pi prè'm, pou'm toujou santi souf k'ap layite nan ou an bò kou'm, pou'm toujou santi chalè kò'w k'ap bat nan do'm, chalè men'w k'ap jwe yon melodi tout nan fon nanm mwen. Pou'w ap chouchoute'm chak lè'w avè'm, lè'w anvi fè yon sèl avè'm "pour former une seule chair, pour le meilleur et pour le pire". Pou'w toujou ap viré lòlòj mwen, dekontwole'm, viré'm, karese'm, agase'm. Pou ou mwen vle vinn plis ke yon fanm, plis ke yon dezyèm opsyon, mwen vle tout ou menm , tout nan'm ou, tout sa ke'w posede nan lavi an e mwen vle posede'w menm jan ou posede'm nan.Mwen vle fè'w tresayi menm jan ou fè'm tresayi chak fwa ou pase men'w sou mwen, mwen vle fè'w tranble menm jan ou fè'm tranble aprè chak seyans, mwen vle fè'w santi'w vilnerab, mwen vle reprezante pwen fèb ou ak pwen fò ou lè tout bagay prale mal, lè ou bezwen yon poto mitan ki pou kanpe avè'w, yon zorye pou'w apiye.
Mwen vle rann ou toujou fyè de mwen, mwen vle pwomèt ou ke mwen pap janm lage'w, mwen vle di'w ke m'ap toujou rete fanm jalouz ou an, fanm ki toujou ap chache problèm kote ki pa genyen, "Parce que je te veux rien qu'à moi".
Jim
Je dédie mon premier texte en créole à Angy Volcy de son nom de plume Enspirasyon.
Comments