top of page

Vini

  • Photo du rédacteur: NH
    NH
  • 13 juin 2021
  • 1 min de lecture

Aswè a se ou mwen vle Se ou mwen chwazi remèt kle Kle pòt plezi m sèl ou ka louvri Sou lèv mwen pou w vin met yon souri

Ou genlè pa rann kont son kokennchenn privilèj Lè ou se premye moun k'ap ekri sou yon paj vyèj ? Ou genlè konprann se yon bagay piti Lè yon fanm ba ou dwa pou w louvri pòt li

Ou egare, ou kòmanse fè m nève Sanble ou pa pran dezi'm oserye M konnen trè byen ou pa yon sanzave Men aswè a m'vle ou fè'm varye

Annik vini, m'ap eklere lespri'w Vini kote m'ap reveye anvi'w Demon ki anndan'w lan sèlman ap dòmi Mwen gen sekrè pou'm fè'l reprann vi

Jis vini, A minwi.


Berlainie Joachim

 
 
 

Comments


Rejoindre mes abonnés

Merci pour votre envoi !

© 2023 par l'Amour du livre. Créé avec Wix.com

bottom of page