top of page

Papa

  • Photo du rédacteur: NH
    NH
  • 28 juin 2020
  • 1 min de lecture

Remonte tan pou'm ka reprokire'm tout souvni ki echape'm Raple'm de souri ki konn rekonfòte'm chak fwa ou anbrase'm Raple'm de espwa ki konn briye nan je'w pou'w konbat pou avni zantray ou pou demen Nan fon kè'm tout tantativ pwoche'w foule Rèv mwen vin nwasi nan mank afeksyon ki vin detèn Renmen'w se yon kwa malgre map pote'l pou jis mwen al anba tè e menm si'l rèk Dlo san ap ponpe nan kè'm a chak fwa m raple'm de konsèy ou Menaje kòlè'm chak fwa yap di mal de ou Ou pa rann mwen rich Men la modesti pap toufe'm, jis paske ou rann mwen rich nan sajès ou Plante atant pou'm ka rekòlte yon ka nan lanmou'w Reskape nan souvi nou Kasanova tantasyon, limyè pasyon'w etenn pi vit kon grenn alimèt Pitit sòyèt map rive Dlo nan je'm nwaye tout projè'n, li rann kalite nou vin minab Menm si wonte ak pèn ta fè'w avèg Men map mande'w konprann mo sa yo, paske m retrase yo nan fon kè'm Pou menm soud kap tande konpreyansyon'w e pou'l konprann ke li tande lanmou pitit ou kap mache an silans nan souvni ki kouvri nan nwasè.


Ulysse D'youri Mike

 
 
 

Comentarios


Rejoindre mes abonnés

Merci pour votre envoi !

© 2023 par l'Amour du livre. Créé avec Wix.com

bottom of page