Fanm
- NH
- 26 nov. 2019
- 1 min de lecture
Bèl cheve natirèl, cheve trese
Tèt grenn oswa pèmanant
Marabou, grimèl
Ti nègès osinon po lanvè
Pa negosye respè l
Pa neglije valè l
Nanpwen penti k' ka chanje koulè
Yon nanm
Nanpwen fizik ki ka diskite valè
Yon fanm
Madan papa, limena, fanm ghetto
Ousinon pale "pointu", fè zuzu
Deyè biwo ak talon wo;
Entelektyèl, pwofesyonèl,
Avoka...
Fanm ki aprann lavi a
Oubyen sou beton
Bras nan kras;
Lamizè ak vilokan:
Fanm lavi a aprann
Avan w manke l respè
Sonje se youn ki manman w
Avan w di l san valè
Pare pou w pran verite sa a nan dan w.
Kelytha Sarah Charles
Comments