top of page

Ilizyon

  • Photo du rédacteur: NH
    NH
  • 20 mai 2020
  • 1 min de lecture

Prizonye nan yon mond paralèl

Kè'm pap devwale paskel pap avè'l

Eskizem si fyète'm rann mwen aveg menm sim pa wèl

Konvésyon enstantane

Konprann sansasyon ou pwokire'm

Atansyon m vle pwokire'w

Depanse tout santim ki posib nan yon richès kè'm pa posede

Kriye san yon koulè ki pa envante, èd lap chèche ki poko pwokire

Padon pou santimanm kap ogmante chak segond Bondye mete

Gide sou kat nanm mwen, egare pap bouskilem si mwen fè konprann sa mwen santi pou ou

Konprann ekri mwen yo, pou menm avèg ne a ka wè sansasyon kap degaje chak fwaw rann mwen prizonye nan bra'w

Chèche 6 gout santiman mwen vèse nan oseyan santiman'm pou ou ap elimine tout vye panse kap akaparel de santiman'w

Pwolongasyon m pat mande, vin kowòdone statistik prepoze pou bande je kè'm, poul pa tande silans ou pwokirel nan tan san fen sa.

Divize santiman nou ka demontre fonkyon ki okipe kè'n

Santiman'm pou ou se yon divizyon sou yon ekwasyon sansoryèl.

Posts récents

Voir tout

Comments


Rejoindre mes abonnés

Merci pour votre envoi !

© 2023 par l'Amour du livre. Créé avec Wix.com

bottom of page