top of page

Fòk sa kaba!

  • Photo du rédacteur: NH
    NH
  • 26 nov. 2019
  • 1 min de lecture

Dernière mise à jour : 5 janv. 2020


Yo di fanm se kajou

li pa mal pou'l repare

kidonk yo kapab ba nou kou

kraze zo nou jan yo vle


Yo di fanm se sèks fèb

paske nou gen sansibilite

e se potèt sa yap profite

trete nou kouwè byen mèb


Yo di fanm se objè seksyèl

pou fè yo monte nan setyèm syèl

kou yo anvi demonte "manmzèl"

dakò pa dakò, dekilakyèl!


Vy òl, kadejak

kout baton ki kite mak

yo fè'n tout move zak

ala nèg yo tchak!


Li lè li tan pou mo fanm nan

gen yon lòt definisyon

pou tout sila ki bliye manman

pa janm konn gason


Li lè li tan pou lemònn fini

Ak vyolans sou tout fòm

Sitout kont sèl moun ki bay lavi

Sila ki konplemantè a lòm


Li lè pou tout tòsyonè pini

Li lè pou fanm jwen jistis

E se vre nap goumen pou jis

Fanm ak fi rejwenn souri.

Berlainie Joachim




Lire la suite dans <top10><poeme><fòksakaba!>

Posts récents

Voir tout

Comments


Rejoindre mes abonnés

Merci pour votre envoi !

© 2023 par l'Amour du livre. Créé avec Wix.com

bottom of page